Ansèyman : Ti koze ak pwofesè Michel DeGraff sou nouvo teknoloji pou ansèyman syans ak matematik ann Ayiti

Ki fèk reservwa $1 milyon nan men NSF pou rechèch lengwistik epi pou kreyasyon zouti pou aprantisaj aktif syans ak matematik an kreyòl
  • Ansèyman : Ti koze ak pwofesè Michel DeGraff sou nouvo [...]
© Workshop with Haitian professors of physics and biology (MIT, DR)
Genre : Faits de société
Pays principal concerné : Rubrique : Histoire/société
Mois de Sortie : Juillet 2013
Publié le : 07/01/2013
Source : Réseau Alternatif Haïtien d'Information
http://www.alterpresse.org/spip.php?article13895

Michel DeGraff, ki se Pwofesè Lengwistik nan Massachusetts Institute of Technology ("MIT"), fèk resevwa yon valè lajan, yon milyon dola, National Science Foundation o Zetazini ("NSF") mete a dispozisyon l pou travay li pral fè, pandan omwen senk an, sou pedagoji epi lengwistik ann Ayiti. Rechèch sa yo ap devlope nouvo zouti teknolojik pou ansèyman syans ak matematik nan lang kreyòl Ayiti a pou premye fwa. Nou pale ak pwofesè a, nou mande l kouman li wè rechèch sa a, ki sitiyasyon lang kreyòl la, kouman edikasyon ka devlope pi devan ann Ayiti. Li reponn kesyon sa yo, epi li anonse yon seri atelye fòmasyon ki pral konmanse an janvye 2013 pou pwofesè matematik ak syans ann Ayiti.

Ki jan lajan NSF la ap ede travay ou fè pwogrè?

Michel DeGraff: Lajan sa a ap ban nou mwayen fè gran pwogrè pou nou vanse pi lwen pase premye ti pwogrè nou deja fè gras a konkou MIT ansanm ak patnè nou yo tankou Fondasyon Konesans ak Libète (FOKAL), Fakilte Syans nan Inivèsite Leta Ayiti epi Inivèsite Karayib. Gras a èd sa a, ki se yon finansman ki pral ban nou sipò pandan senk an, Inisyativ MIT-Ayiti a ap fè kichòy ki pa te ko janm fèt anvan sa. Dapre sa m konnen, se premye fwa vre yon pwojè ap devlope yon gran kantite materyèl an kreyòl pou syans epi matematik nan nivo ansèyman siperyè. Materyèl sa yo pral monte sou entènèt tou (nou ka wè yon pati nan yo nan sit sa a: http://haiti.mit.edu). Epi pwojè a pral teste kalite materyèl sa yo. N ap ede nan preparasyon yon nouvo vokabilè ak nouvo zouti pou syans ak matematik an kreyòl, yon nouvo mòd panse kiltirèl pou etid wo nivo ann Ayiti.

Nouvo mòd panse kiltirèl sa a diferan nèt ak abitid yo devlope nan lekòl ann Ayiti. Wi, nouvo metòd aprantisaj sa yo diferan nèt ak mòd aprann pa kè yon pakèt pawòl ki ekri an franse-aprann tankou jako repèt, aprann pawòl yon ti pòsyon elèv sèlman ka konprann byen oubyen konprann malman. Epi pwojè sa a ap ka sèvi kòm yon modèl pou plizyè milyon elèv ak etidyan ki swaf konesans lasyans toupatou sou latè, e ki leve ak lang zòn pa yo tankou ti Ayisyen leve ak lang kreyòl nou an. Ki fè, pwojè nou an ap louvri baryè ni nan branch lengwistik ak edikasyon, ni nan branch syans ak matematik (...)

Li plis [isit la]

Partenaires

  • Arterial network
  • Media, Sports and Entertainment Group (MSE)
  • Gens de la Caraïbe
  • Groupe 30 Afrique
  • Alliance Française VANUATU
  • PACIFIC ARTS ALLIANCE
  • FURTHER ARTS
  • Zimbabwe : Culture Fund Of Zimbabwe Trust
  • RDC : Groupe TACCEMS
  • Rwanda : Positive Production
  • Togo : Kadam Kadam
  • Niger : ONG Culture Art Humanité
  • Collectif 2004 Images
  • Africultures Burkina-Faso
  • Bénincultures / Editions Plurielles
  • Africiné
  • Afrilivres

Avec le soutien de